"Moun" - Revue de philosophie

 Moun - Revue de philosophie 1 (2005) 115-120

KIJAN FILOZÒF YO DWE EKRI

Jacques Maritain

Jacques Maritain, Reflexions sur l'intelligence, Appendice I : "Sur le langage philosophique", (1924) in Jacques et Raïssa Maritain, Oeuvres complètes, Fribourg, Editions universitaires / Paris, Editions Saint-Paul 1985, vol. III, pp. 385-390

Traduction de P. Maurice Elder Hyppolite, sdb


OSIJÈ LANGAJ FILOZOFIK LA

Kijan filozòf yo dwe ekri? […]

I.- Mwen konsidere se yon bagay ki klè filozofi a pa ka sèvi ak langaj nenpòt ki moun pale a. Menm jan tou yo pa ka realize yon èv atistik ak nenpòt ki mwayen, sa vle di san zouti oubyen teknik ki koresponn a sa yo vle fè a. Pa gen okenn syans, okenn disiplin ki ka mache san yon vokabilè spesyal, donk mwen pa wè poukisa yo ta refize bay filozofi a sa yo bay matematik la san difikilte, oubyen chimi an, oubyen menm teknik yon kòdonye ak yon boksè.

Disip Descartes yo, epi apre yo zanmi limyè yo, te mande filozofi a pou l' pale langaj nenpòt ki moun paske yo te konsidere bon sans natirèl la te ase pou dekouvri epi tabli group verite ki pi ro yo. Deroulman istwa a tapral demanti konsepsyon natirèl (natiralist) rasyonalis sa a. Syans eksperimantal yo te rive progrese jan yo te fè l' nan tan modèn yo paske yo te vin tounen teknik epi, devan yo, bon sans Descartes la vin parèk chak fwa trò kout e menm initil. Kanta pou filozofi a menm, apre ideològ yo fin fatige l', li pral reprann fòs sèlman lè li pral tonbe anba disiplin ak bonèt doktoral la gras a Kant (e se pa ti bonèt!). Konsa depi nan finisman 18èm syèk la se teknisyen yo ak spesyalis yo ki vin tire revanch yo sou moun onèt ki te kapab konn tout bagay yo…

Revanch sa a te nesesè, men li rive nan yon bann eksè ki pa gen sans, paske se sèlman sou realite materyèl la li te fèt. Depi Rabelais rive sou Molière, literati klasik nou an te pase teknisyen skolastik yo nan jwèt; nou ka di syèk syantis la ak pedantri filozofik la, sa vle di syèk Hegel, Spencer ak Durkheim nan, tire bon vanjans pou skolastik la.

Sa fèt konsa paske an realite si syans la egzije yon vokabilè spesyal se paske toudabò li egzije kichòy ki pi fon e ki pi spirityèl: li egzije prezans yon kalite (e[xij, habitus) nan entèlijans la, ki detèmine oubyen leve entèlijans la anlè parapò a yon objè spesyal ki spesyalman difisil, donk ki mande pou konsèp yo fòje spesyalman epi ajiste yon fason pou yo byen marye ak posibilite konesans (scibilité) ki pou objè a an patikilye. Men, depi Descartes, filozòf modèn yo te nye kalite sa yo m'ap pale a, yo vin spesyalize yo teknikman nan domèn materyèl langaj la, ak metòd yo, ak zouti yo sèvi, men yo pa fè l' nan domèn habitus spirityèl la, domèn lavi enteryè a.

Enkoerans ak progrè san rete spesyalizasyon sa a ki tankou yon mons, se la li soti.

II.- Filozofi a, ann di pi byen toujou, metafizik la, se yon sajès. Li gen yon objè ki inivèsèl, kifè tout moun, omwen tout moun enstwi, bezwen li. Se pou sa nou gen tandans mande l' plis pase lòt disiplin yo, epi swete li monte pi ro pase limit kwense langaj teknik la. Sètènman, paske li se yon sajès, li pa fèmen anndan limit frontyè sa yo, paske saj la, li wè tout bagay nan yon gade tou senp, nan de twa prensip ki depase tout teknik.
Men filozofi a se yon sajès yo aprann tankou yon syans, se paske li se syans ki pi ro a, ki fè li se yon sajès. Poutèt sa, paske li etidye objè ki pi ro a, ki pi difisil la, li egzije nan sa ki anvi posede li a, fòmasyon entèlijans ki pi ro a, ki pi difisil la, donk yon kantite konsèp ak mo ki oblije spesyalize. Se sèlman lè l' fin grenpe pant ki plen ròch ak pousyè a li rive nan pwent tèt mòn ki lib yo.
- Men èske m' pa t' di tout moun bezwen filozofi a, antouka moun ki enstwi yo?
- Mwen te di l', men mwen pa t' di tou fòk tout moun enstwi ta filozòf; depi yo resevwa ansègnman ki fòme entèlijans yo gras a filozofi a, se deja sa.
- Men kouman y'ap fè resevwa l' si yo menm yo pa ka antre nan jwèt la?
- Pou problèm sa a, yon sèl solisyon mwen konnen, se sa ansyen filozòf yo te konn fè a : akote èv syantifik ki gen tout demonstrasyon yo, sa yo ekri sitou pou teknisyen yo, li ta bon tou pou filozòf la prezante fwi travay li yo bay piblik ki enstwi a, bay "nenpòt ki moun", antan li sèvi ak yon stil esplikasyon ki pap depann ankò de efò pou konvenk moun nan (sa Aristòt te rele dyalektik la), men k'ap chèche fè jèmen nan nanm nan yon opinyon veridik plis pase yon syans. Se rezon sa a ki fè Platon ak Aristòt te ekri dyalòg yo te ekri yo.

Nou dwe di tou, si li difisil pou rive genyen bon kalite ("vertu") entelektyèl metafizisyen an, li relativman pi fasil pou rive gen vokabilè spesyal ki nesesè pou suiv li (nou sipoze se yon metafizisyen tout bon vre) pase pou nenpòt lòt syans pi materyèl tankou medsin pa egzanp, epi sa ki pa spesyalis yo ka aprann li san problèm.

III.- Ki limit yo dwe bay "jagon" filozofik la? Limit sèvis li dwe reyèlman rann yon panse k'ap pran modèl li sou bagay yo yon fason onèt. Sou pwen sa a, skolastik la, malgre kèk aparans, malgre sitou anpil medizan mal palan, li ba nou yon bèl egzanp sa yo rele "sobriété" lè w' konpare l' ak sistèm ki te alamòd nan 19èm syèk la.

Ansyen filozòf yo te gen yon gran respè spesyalman pou langaj pèp la ("vulgaire" = langaj nenpòt ki moun nan), yo te konsidere l' tankou siboua ("pyxide" = rézèv manje) sajès ki komen pou tout imanite a, e lè yo t'ap pran yon mo pou ba l' yon sans syantifik, yo te toujou fè referans toudabò a sans primitif li, premye sans li, sans kote li plen ak tout richès sa moun ye a. Konsa, menm jan refleksyon ki pi delika yo t'ap fè yo, te nan lign bon sans komen an, konsa tou leksik ki pi teknik yo t'ap sèvi ak li a te nan lign analoji sans mo a te deja genyen an epi etimoloji mo sa yo, omwen sa yo te sipoze a. Respè tout bon sa a pou lanjaj komen an, - kontrèman a sa anpil filozòf modèn panse, sa yo ki kwè tankou Samuel Butler "mo yo se ròch k'ap fè moun bite sou rout verite a", - se respè sa a sèl, dapre mwen ki ka kenbe jagon filozofik la nan mezi ak nan ekilib li bezwen an.

IV.- Gen yon vèbyaj byen lèd ak yon veritab konfizyon lang yo ki sèl chèf kounye a nan filozofi a epi ki fè chak mo tounen "yon nich kontradiksyon", [Constant Bourquin] gen rezon denonse l'. Yo soti nan yon mal ki pi fon ki se konfizyon ant doktrin yo ak yon kontradiksyon inivèsèl ant youn ak lòt. An realite se ta pèn pèdi pou ta panse yon pakèt doktrin ki opoze fondamantalman youn ak lòt ta rive gen yon menm leksik komen ki ta ase pèfeksyone pou yo tout sèvi ak li: paske langaj filozofik la menm se yon langaj teknik, li koresponn obligatwaman a yon konbinezon konsèp byen detèmine, epi elaborasyon sa a menm chanje dapre divès doktrin yo.

Epi, fò m' ajoute - sa a pi enpòtan toujou - : menm anndan yon sèl doktrin nan, se ta pèdi tan pou nou ta reve gen yon vokabilè filozofik ki fiks nèt ale. Se yon bagay ki natirèl pou mo yo vwayaje, dapre egzijans refleksyon an, sot nan yon sans al nan lòt, oubyen nan yon menm lign, oubyen antan yo sote, oubyen antan yo detire, oubyen antan yo kwense kò yo san rete. Varyete sans sa yo ak mouvman elastik sa a gen enkonvegnan, sètènman, sitou pou moun ki konsidere reflechi se yon gro fatig, men sa prouve kijan okenn sistèm sign materyèl pa janm fin apwen nèt epi sa montre feblès esansyèl yon espri ki oblije sèvi ak sistèm sign sa a pou l' avanse, pou l' fè progrè; tout efò nou ta kapab fè pou elimine enkonvegnan sa yo jous nan rasin antan nou fè langaj la vin fiks epi rijid nèt ale ta vin kont lanati, epi li ta anjandre enkonvegnan ki pi grav toujou. Se pou sa mwen konsidere mantalite k'ap dirije tantativ "Logisticiens" yo ap fè a tankou yon bagay ki kontrè totalman a tout filozofi.

Leksik Aristòt ak Sen Toma a sètènman li pa fin apwen nèt, parapò a presizyon oubyen fasilite; poutan se yon enstriman estròdinè ki bay prèv li deja epi ki te sèvi pou analiz entelektyèl ki pi fen yo tankou pou sistèm ki gen plis koerans ak presizyon an: ebyen, leksik sa a ki sitèlman teknik li gen yon souplès ak yon fasilite pou l' resevwa fòm (sa yo rele "plasticité") ki fè moun sezi, epi li ta enposib pou redui l' nan okenn konbinezon mekanik tankou eleman ki fikse yon fwa pou tout. Poutan pa gen okenn tomis (sa vle di disip Sen Toma) ki ka tronpe l' sou sans nenpòt ki mo nan nenpòt ki fraz Sen Toma.

Lè yo t'ap tabli tèminoloji yo, premye prensip ansyen yo te genyen nan tèt yo sèke yo t'ap pale ak yon seri entèlijans, se dirije pou yo te dirije aktivite entèlijans sa yo, se pa ranplase pou yo te ranplase aktivite sa a ak yon sign. Epi si ta vin gen konfizyon poutèt yo sèvi ak yon langaj ki pa rijid, Lojik la te la presizeman pou aprann nou evite konfizyon sa yo. Se pou sa yo te konsidere Lojik la se te yon enstriman indispansab pou konesans la. Se sa k' fè yo te rive tèlman lwen nan kapasite pou distenge divès propriyete lojik mo a ka genyen nan propozisyon an (tankou suppositio, ampliatio, appellatio, etc.); lojisyen modèn yo neglije etid sa yo yon fason sovaj. Difikilte ak sechrès Lojik la, pou ansyen yo, se te pri yo te dwe peye pou yon richès ki gen valè enfini: posede yon sistèm sign materyèl ki kapab vlope panse imateryèl la a chak moman paske li pa rijid (menm si se yon fason ki pa janm fin apwen nèt, li deja ase pou travay entèlijans la).

Menm jan okenn aranjman lyezon mekanik pa ka konpòte l' tankou yon òganism vivan, jan Driesch te demontre a, konsa tou okenn aranjman mekanik sign yo pap janm ka koresponn ak lavi entèlijans la. Li bezwen yon sistèm sign lib epi maleab, ki dwe gen posibilite konbinezon san fen epi poutan ki konsistan (ki rete kanpe ansanm). Yon sistèm sign konsa, se inevitab pou pafwa li gen kèk feblès, paske presizeman se ak eleman materyèl l'ap imite mouvman espri a.

Sètènman li bon pou eseye jwenn yon remèd pou feblès sa yo epi fòk nou di tou nan filozofi modèn nan, kontradiksyon nan mo yo ak lage yo lage brid lang nan vin tounen yon kalamite tout bon vre. Men sèl mwayen pou ta rive fè vokabilè filozofik la vin inifye epi stabilize dapre sa lanati pèmèt epi mande, se ta vin redekouvri yon group konviksyon fondamantal, ki ta sanble ak sa refleksyon nan Mwayen-Aj la te genyen an pandan kèk syèk, malgre te gen yon pakèt ekòl byen opoze ki t'ap pouse.

V.- Refleksyon sa yo mwen sot fè yo eksplike poukisa mwen pa gen anpil konfyans nan yon Kongrè filozofi nan sans ou panse fè l' la. Men, dapre mwen, si l' ta byen òganize, li ta kapab itil si omwen li ta oblije filozòf yo pran konsyans danje a pi byen antan li fè yo presize pakèt sans kèk mo genyen, tankou sa ou bay egzanp yo. Mwen pa bliye "Société française de Philosophie" deja pran inisyativ pou li pibliye yon vokabilè filozofik. Malgre se yon travay ki fèt ak anpil atansyon epi ki ka rann anpil sèvis, pèmèt mwen fè remake sa li plis montre se difikilte ki kanpe obligatwaman nan rout yon travay konsa, e difikilte sa yo ogmante poutèt filozòf modèn yo pa okouran bèl presizyon ak klarifikasyon tradisyon skolastik la te mete nan vokabilè filozofi a.

haut de page