"Moun" - Revue de philosophie
Moun - Revue de philosophie 1 (2005) 90-114
POU FILOZOFI KA PALE KREYÒL
P. Maurice Elder Hyppolite, sdb
Tradiksyon yo nou pral jwenn nan Moun - Revue de philosophie a
se yon premye esè pou pèmèt Ayisyen k' ap antre nan espas
refleksyon filozofik la aprann fè l' nan pròp lang peyi nou an. Se
pa yon chemen fasil, tankou tou sa ki serye nan lavi a. Sa mande
disiplin ak pèseverans pou travay la efikas epi rive abouti nan
fòmasyon yon mantalite filozofik ki sèvi ak kapasite rasyonèl la
pou ouvri yon orizon sans k' ap pèmèt tout moun nan viv tout bon.
Li enpòtan pou nou angaje sou rout sa a antan nou egzamine
dirèkteman travay Filozòf ki te vin anvan yo te fè.
Nou pa dwe pè mete nou nan lekòl moun ki te pase nan chemen sa
yo anvan epi ki kapab gide yon lòt. Se vre yo di pa gen filozofi
moun nan ka aprann, se aprann pou moun nan aprann "filozofe",
men presizeman pou n' ka "filozofe", pou n' ka aprann reflechi
nan profondè filozofi a mande a, nou bezwen "aprann".
Aprantisaj sa a ap ouvri espri nou pou nou dekouvri nan chak peyi,
nan chak epòk, se menm travay la entèlijans la ap fè pou li antre pi
fon nan konpreansyon realite a antan l'ap chèche tout fondman li,
san li pa elimine okenn eleman nan problèm nan. Elimine yon
eleman nan yon problèm, se pa rezoud li, se ranvwaye l' pou pita.
Lè sa a li vin pi konplike toujou paske "pi ta, pi tris". Men li pa
posib pou yon sèl moun reyisi anbrase tout imansite realite a antan
li kenbe tout aspè yo ansanm, se poutèt sa se avèk anpil modesti,
anpil imilite, pou yon moun antre nan domèn sa a, antan li mande
sa k' te vin anvan yo konkou. Dayè "yon sèl dwèt pa manje
kalalou".
An nou eseye konsidere kèk aspè kesyon filozofe an kreyòl la.
Nou pral wè toudabò premye difikilte a se pa kesyon lang nan men
se fatig ki genyen nan egzijans aprann reflechi a. Epi nou va
abòde yon aspè spesyal nan domèn metafizik la anvan nou montre
nesesite pou elabore yon langaj kòrèk pou filozofi a an kreyòl
antan nou suiv egzanp ansyen filozòf yo. Nou va fini ak kèk
konsiderasyon sou kesyon òtograf la.
1.- Aprann reflechi an kreyòl
Youn nan eleman enpòtan nou dwe konsidere pou antre nan yon
refleksyon serye, se kesyon lang nan. Li se enstriman ki sèvi pou
espri a ka sènen realite a, aprann epi transmèt konesans yo,
aprofondi eritaj li resevwa a epi verifye enfòmasyon li jwenn yo.
Nou pa kwè ka gen yon refleksyon filozofik sistematik si lang nan
pa ta pèmèt eksprime tout finès ak nuans entèlijans la ka disène.
Konsa premye etap la se travay alafwa sou devlope kapasite
entèlijans la k' ap aprann reflechi a epi pèmèt lang nan gen ase
souplès pou l' kapte epi deklare tout dimansyon profondè
refleksyon an bezwen rive a.
An realite lang nan grandi dapre nivo profondè refleksyon moun ki
pale li. Peyizan nou yo, menm si yo iletre, yo di tout sa yo bezwen
di, epi entèlijans yo byen fre, li pa jennen ditou, yo gen yon bèl
sajès ki alafwa natirèl epi kiltirèl. Natirèl, paske yo an kontak
dirèk ak realite a san tròp entèferans atifisyèl. Kiltirèl, paske yo
gen yon kilti ki kole ak sa yo ye kòm moun: depi nan rasin li, se
yon sentèz ant eleman afriken ak eropeyen ki vin fonn youn nan
lòt sou tè sa a nan moulen soufrans esklavaj la. Kilti sa a konn
valè san parèy moun genyen sou tout lòt realite tè sa a. An plis,
kòm li benyen nan konesans bòn nouvèl Jezu-Kri a, li rekonèt tou
dènye fondman dinyite san parèy moun nan se paske se imaj
Bondye li ye, epi se paske Bondye te tounen moun.
Gen yon travay akouchman ki nesesè pou ede bèl kilti sa a avanse
parapò a egzijans konesans ki nan fondman entèlijans la. Travay
sa a pa t' rive fèt byen poutèt sikonstans istwa peyi a ak realite
ekonomik yo. Gen aspè nan kilti a tou ki krochi epi, pafwa, fòm
edikasyon moun yo resevwa vin konplike bagay yo antan li fè gen
yon dekalaj ant sa moun nan di, sa l' panse ak sa l'ap viv. Moun
nan pa fè youn anndan l', li mal ajiste. An pati se poutèt difikilte
ki genyen nòmalman nan eseye viv verite a. Men, sikonstans
edikasyon nan peyi a fè pafwa se konpreansyon an menm, kapasite
rezònman an ak sans otantik verite a ki vin febli. Trase yon lign
dwat epi fè yon rezònman kòrèk se rezilta yon aprantisaj long ak
yon disiplin konstan. Menm jan yon ouvriye pa reyisi renmèt yon
travay byen fini si li pa mete tout kè l' ak tout entèlijans li nan fatig
prodiksyon an, se konsa tou yon sosyete ap toujou klopen klopan
tout tan moun ki ladan l' pa ajiste anndan yo tout aspè ki fè moun
se moun.
Sistèm edikatif peyi a ansanm ak lòt faktè istorik, politik epi
ekonomik ap ede dezajisteman sa a vin pi terib. Se pa sèlman
kalite nivo refleksyon an ni nouvo ide ak nouvo mo yo rankontre
yo ki pi gro problèm nan, men se mele yo mele ant de lang ki
sanble ka mache ansanm (fransè ak kreyòl) men ki pa gen menm
kadans nan refleksyon sou realite a. Sot nan yon lang al nan lòt la,
mo yo konn sanble epi yo pa vle di egzakteman menm bagay; lè sa
a refleksyon an vin flou, li vag, epi konklizyon yo manke
presizyon. Sistèm ansèyman an, jan li ye a pratikman, fè moun yo
pa abitye reflechi tout bon apati okenn nan de lang yo. Sa gen
konsekans terib sou lavi sosyal la paske li anpeche yon dyalòg
konstriktif etabli ant moun k' ap chèche verite a.
Si nou ta eseye presize kesyon an pi plis, san nou pa egzajere, nou
ta ka di kounye a, an jeneral, etidyan yo plis abitye memorize an
fransè, repete fraz ak bout fraz pa kè, nan stil kesyon repons,
menm si yo pa konprann sa y' ap di a, y' ap kole mo, konsa pa gen
refleksyon. An kreyòl menm, yo abitye di prèske tou sa yo panse
epi diskite youn ak lòt san kè sote, men yo pa abitye fè efò pou
reflechi yon fason sistematik jous nan bout. Kon yo kwense yo
kite sa oubyen yo janbe nan fransè pou kole yon bout fraz ki ta vle
sanble yon fòmil yo te etidye plis pase rezilta yon rezònman lojik.
Oubyen ankò yo vire nan poezi, nan tire kont, rakonte istwa, epi
refleksyon an pèdi karaktè sistematik la. Reyèlman, li kenbe yon
kontak imedya ak lavi chak jou a, men li pa ka monte pi ro pou
pran yon distans ki pèmèt kapte tout dimansyon realite a. Nou
konnen, jan nou sot di a, tout tan yon moun pa ka tabli tout eleman
yon problèm yon jan klè pou l' konsidere divès aspè kesyon an, li
pa ka rezoud li tout bon.
Se vre anba chalè solèy sa a ak tout lòt problèm moun genyen, fè
yon rezònman kòrèk epi fini yon refleksyon nan yon dyalòg sere
se pa sa ki premye preokipasyon, poutan tout lavi moun pa ka pase
konsa. An plis, pa gen mwayen pou rezoud tout kalite problèm yo
si se pa nan aprann reflechi pou jwenn yon solisyon kòrèk,
otreman w' ap toujou tonbe nan menm erè a. Si "sak vid pa
kanpe" jan provèb la di l', nou pa dwe bliye moun pa "sak"; gen
yon lè fò l' fè yon kanpe pou l' mande sa k' pase l', kouman l' fè
kote l' ye a, kijan l' ap fè pou l' soti ladan l'? Epi fòk li pa prese
di se Bondye sèl ki pou fè kichòy pou rezoud problèm nan. Poutèt
"reyèlman se nan ras li tou nou ye" (Travay Apot yo 17,28) nou
gen pou trouse manch nou nan sèvi ak tout kapasite li mete nan
nou, lè sa a n'a konprann kouman se li k' ap "konsolide travay men
nou" (Psòm 90,17).
Sètènman gen anpil efò ki fèt pou mete syans ak konesans pratik
yo an kreyòl epi pou devlope literati ak konesans lang nan, men
tout tan li pa rive kapab pèmèt Ayisyen yo reponn kesyon ki pi
fondamantal yo dapre kapasite refleksyon moun genyen, l'ap
toujou yon ti jan frennen. Se profondè refleksyon moun ki pale
yon lang ki fè lang nan devlope. Menm jan aritmetik, jeometri,
gramè, istwa, sa vle di syans nou etidye lekòl yo, pèmèt konesans
ogmante avèk nouvo ide, nouvo mo ki fè nou sènen realite a pi
byen pou nou ka aji sou li, se konsa refleksyon filozofik la ap ede
ale nan fon problèm yo pou ka debloke yon sitiasyon epi pou
goute satisfaksyon ki genyen nan jwenn yon repons apre ou fin
pase anpil tan ap poze kesyon, ap chèche. Se pa nou menm k' ap
envante tout bagay, okontrè, nou se eritye tout trezò konesans
ansyen yo te ranmase. Se nan relasyon youn ak lòt moun nan
aprann vin moun. Nòmalman, apati repons ak solisyon lòt moun
te jwenn nou ka aprann reflechi epi debloke pròp kapasite nou
genyen pou nou konprann realite a.
2.- Nan ekòl Sen Toma d'Aken ak ansyen gran filozòf yo
Pou ede deblokaj sa a fèt, nou deside eseye konprann epi di nan
lang nou sa yon gran savan tankou Sen Toma d'Aken (1225-1274)
te panse. Li se youn nan moun ki te rive fè yon sentèz valab apati
tout sa Filosòf ki te vin anvan l' yo te di ki egzak, kit yo te Grèk,
Laten, Kretyen, Juif oubyen Arab. Sentèz sa a valab e l' ap toujou
valab paske li pa neglije anyen nan eleman repons li te jwenn yo;
dayè yo koresponn ak òganizasyon natirèl kapasite konprann ki se
espri moun nan. Sou pwen sa a tout moun sou tè a gen yon dèt
pou pèp Grèk la paske menm jan pou anpil lòt syans, se yo menm
an premye, apati sa lòt pèp - tankou Ejipsyen yo - te deja fè, ki
te devlope refleksyon filozofik la an Oksidan depi nan Lojik rive
nan Metafizik.
Filozòf tan modèn yo tou, apati Descartes (1596-1650), ede
refleksyon an avanse, men kòm souvan yo pa t' vle konsidere
anyen valab si l' pa t' soti nan ide klè pa yo, jan Descartes te di a,
sa fè yo separe yo ak tout kouran refleksyon ansyen filozòf yo ki
te vin tounen eritaj Mwayennaj la. Yo pa t' rann yo kont kijan
"yon sèl dwèt pa manje kalalou" epi refleksyon yo a vin panche
yon sèl bò paske yo pa kenbe tout eleman problèm yo. Nou ta ka
di yo tapral fè bato filozofi a chavire nan idealism oubyen nan
pozitivism materyalis, si lòt bò refleksyon an pa t' reaji pou fè
Filozòf yo gade realite a ak sa ki egziste yo ki pa rezilta ide yo gen
nan tèt yo men ki dwe okontrè mezire tout konesans yo. An
konsideran tout dezas esklavaj, lagè, jenosid ak lòt dega
devlòpman konesans ak kapasite teknik lèzòm vin pèmèt, anpil
Filozòf ap poze tèt yo kesyon mande èske tousa se pa yon
konsekans divòs ki fèt ant sa entèlijans moun ka konnen, sa teknik
ka fè ak sa realite a ka sipòte. Se pa tou sa ki posib ki swetab.
Konsa filozofi a ap kesyone viraj Descartes te fè a epi ap chèche
jwenn inite ki te gen ant entèlijans la ak egzistans la lakay ansyen
yo. Malgre tout valè li, entèlijans la dwe soumèt devan egzistans
la ki depase l'. Li pa ka fèmen l' nan espri a tankou "Cogito ergo
sum" Descartes la te eseye fè a.
Donk, pou yon lang ki fèk ap kòmanse reveye nan domèn rechèch
filozofik la, li bon anpil pou l' aprann nan men moun ki te gen
ekilib ase pou konsidere tout aspè problèm yo. Si se vre jan
Aristòt di a, "yon ti erè nan kòmansman vin gran nan finisman", li
ta bon pou nou ta pati sou bon pye pou nou pa rete nan rout
oubyen pèdi tan. Nou gen kont difikilte deja. Sitou lè nou
konsidere sitiasyon lang nou an ki poko fò nan eksprime konsèp ki
pi abstrè yo paske moun ki pale li yo poko santi bezwen pouse
refleksyon yo nan direksyon sa a. Nou pa bezwen al chèche plis
konplikasyon.
An nou wè kounye a kèk difikilte spesyal kreyòl la genyen nan
domèn Metafizik la lè pou nou tradui tèks Filozòf yo. Apati
difikilte sa yo nou va dekouvri kèk eleman enpòtan pou fouye
fondasyon refleksyon filozofik la nan lang nou.
3.- Kesyon "se", "ye" epi "egziste"
Metafizik la vle konprann ki sa "egziste" a ye, li vle remonte jous
nan premye kòz egzistans la epi desann nan dènye degre sa ki
egziste yo pou espri moun nan ka jwenn repo sou kesyon ki pi
fondamantal la: rezondèt egzistans li. Jan Shakespeare di:
"Egziste oubyen pa egziste, se sa ki kesyon an!" Vèb "egziste" a
mache ak vèb "se" ki gen fòm "ye" tou nan kontèks entèrogatif.
Yo toulètwa koresponn a vèb "être" fransè a dapre diferan nivo
signifikasyon. Nan sistèm vèb kreyòl la gen yon karakteristik ki fè
li pa bezwen mete okenn fòm vèb "être" la lè pou l' deklare yon
kalite abstrè, inivèsèl, osijè yon realite. Pa egzanp nou di "ou se
doktè" ("tu es médecin"), men nou pa ka di "ou se vèt" ("tu es
vert") sof si "vèt" la ta yon rakousi pou yon lòt ekspresyon konkrè
tankou "ekip ki mete rad koulè vèt la".
Lang tankou lang grèk la ak laten an ki mete vèb "être" la pou
toulède ka nou sot di la a, yo fè konprann eksplisitman kòman
"egziste" a se li ki fondman tout bagay. An kreyòl menm, espri
nou benyen si byen nan realite egzistans la, sa fè lang nan pa
bezwen eksprime l', se yon evidans ki pa soulve okenn problèm.
Si refleksyon filozofik la mande presizeman pou fè "evidans" yo
tounen "kesyon" pou ka jwenn dènye fondman eksplikasyon
realite a, li bezwen respekte sa l' ap poze kesyon sou li a epi tou
strikti lang l' ap sèvi ak li a. Si an fransè yo ka di:
"je suis homme";
"je suis professeur";
"je suis rouge";
"je suis".
An kreyòl nou ka di:
"mwen se moun";
"mwen se profesè",
dapre si yo konsidere mwen fè pati group "moun" yo oubyen
"profesè" yo kote mwen se yon "endividi".
Oubyen yo ka di:
"mwen moun";
"mwen profesè",
si sa yo deklare a konsidere kòm si li fè pati sa mwen ye a menm.
Epi Kreyòl la ap di:
"mwen rouj" (nòmalman ou pa ka mete "se" a nan ka sa a);
"mwen egziste" (paske "se" san yon detèminan pa gen sans
pou kont li nan lang nan).
Se yon difikilte li ye pou tradiksyon an, men se yon richès pou
refleksyon an.
- Difikilte, paske gen esplikasyon li posib pou fè nan lòt lang men
ou pa ka fè yo menm jan an kreyòl, an patikilye paske, tankou kèk
lòt lang tou, li pa oblije sèvi ak yon vèb ant yon non ak yon
adjektif pou tabli relasyon ant yo jan nou sot wè a. Konsa nou pa
santi bezwen prezans vèb la paske pozisyon adjektif la parapò a
non an ak atik la deja bay sans relasyon an. Vèb la pa janm yon
senp inyon ant de lòt mo an kreyòl. Konsa pou vèb "être" fransè a
nan sans afirmasyon prezans yon realite, se "egziste" nou di, epi lè
n'ap poze kesyon sou yon realite nou sèvi ak de fòm sa yo: "ye"
epi "se" ki ta sanble menm bagay la sof youn toujou sèvi pou
kesyon, lòt la menm se sèlman pou repons ak afirmasyon. "Kisa
li ye?", "Li se...". "Sa li ye" toujou deklare entansyon pou chèche
konnen oubyen dekouvri yon realite antan ou pral jwenn yon non
pou rele l' oubyen yon esplikasyon sou li, menm si ou poko konn
non l'. Men anvan ou jwenn non an oubyen definisyon an ou deja
deklare bagay la egziste oubyen li ka egziste, li te egziste oubyen
li pral egziste, omwen nan lespri w': "Li se..." Men si w' vle
konnen plis sou bagay la ou deja konnen "sa-li-ye" a, ou va poze
kesyon sou sa yo rele "predikaman" yo, "atribi" yo, "kategori" yo,
e lè sa a ou pap bezwen mete anyen ki koresponn ak vèb "être"
fransè a ant non an ak karakteristik la. Donk si ou mande "kijan li
ye?", repons la kapab "li bon", ou pa ka di "li se bon". Nou pral
wè ofon sa a se yon richès li ye.
Yon lòt aspè difikilte sa a se fòm pasiv la. Fòm sa a konplike nan
lang kreyòl la paske, dapre Jules Faine, li pa sèvi ak vèb "être" la
kòm oksilyè. Kreyòl la pa pèmèt pou sa k' ap sibi sa yon lòt ap fè
ta kapab sijè vèb la. Li oblije konpleman, sof si tout kontèks la klè
pou pa gen dout. Gen vèb ki deja gen yon sans pasif paske yo ka
sèvi ak yo tankou adjektif: "ou beni" ka vle di an menm tan "ou di
byen osijè lòt la" epi "ou se yon moun yo di dibyen osijè li". Jan
nou wè a, pou plis presizyon se fè sijè a tounen konpleman an ki
bay sans pasif la klè: "yo beni ou", "li beni ou". Jules Faine fè wè
kreyòl la pa gen difikilte pou l' eksprime sans pasif la menm si se
pa dapre chema lòt lang yo. Sa a tou, èske se pa youn nan
ekspresyon richès lang nan? Sa Faine rele "rejè" kreyòl la genyen
pou vèb lyezon an ("aversion pour le verbe de liaison"), ta kapab
sign fòs jayisman sous yon lang ki pote nan li yon dimansyon
metafizik ki admèt yon lyezon imedya ant sa entèlijans la panse a
ak sa ki egziste a. Dispozitif atifisyèl fòm pasiv la nan kèk lang pa
pase nan kreyòl la.
- Richès, paske karaktè lang nou an fè nou wè kijan entèlijans
moun pa kapab panse an deyò "egzistans" la, an deyò "sa ki
egziste" a. Se sajès ak finès lang nan ki pa gen okenn dout sou
"egzistans" lan. "Sa ki pa egziste" a (néant), nou pa kapab panse l'
tankou yon "realite" sof nan yon sans "relatif" tankou yon senp
"mank", yon "mwens". Se realite a li menm ki gen yon "fondman-
egzistans" ("substance") ki poze l' tout bon vre nan egzistans la.
Lang nan oblije w' admèt yon fondman-egzistans ("substance") ki
poze deja anvan ou jwenn karakteristik pou li. "Sa-li-ye" a bay
repons sou fondman-egzistans la, sou "substans" la (premye nan
kategori Aristòt mete yo). Epi kòm pou tout bagay gen yon "li
se" (= tout bagay "se"), sa vle di se apati "egzistans" la intèlijans
la kapte "esans" realite a, "sa" realite a "ye" a. Filozòf grèk yo,
depi avèk Parmenid (Parménide) te rive konprann premye
fondman tout bagay se "egziste" a, konsa yo te wè premye kesyon
yo ta dwe jwenn repons pou li, ki va pèmèt yo tabli tout lòt repons
yo, se: Kisa "egziste" a ye? antan yo fè "deklarasyon" an,
"afirmasyon" an ("li se") retounen sou tèt li pou l' tounen yon
kesyon.
Se konsa refleksyon sou sa "egziste" a ye a kòmanse devlope sot
nan Parmenid (~ 540 avan Jezu-Kri), pase nan Platon (429-327 av.
J.-K.), jous Aristòt (Aristote, 384-322 av. J.-K.). Se Aristòt ki vin
rele kalite refleksyon sa a "Premye Filozofi" paske se li k' ap
chèche rezondèt tout bagay, fondman egzistans la, premye kòz
tout bagay, antan l' ap egzamine "egziste" a. Yo rele dènye degre
refleksyon filozofik sa a "Ontoloji" tou, dapre mo grèk o;n, o;ntoj
"ón, óntos" (= sa ki egziste a), epi lo,goj "logos" (= diskou,
paròl, syans). Li pran non "Metafizik" probableman paske nan
klasman liv ki te nan bibliotèk vil Aleksandri an Ejip, yo te mete
liv sa a yo apre liv "Fizik" Aristòt yo, se sa "Metafizik" vle di
dapre mo grèk meta, "meta" (= apre, pi lwen, pa dèyè) epi
fusiko,j "fusikos" (= sa k' nan lanati, sa k' natirèl). Mo
"Metafizik" la vin sèvi tou pou pale osijè tout konesans k' ap
chèche premye fondman tout bagay, premye kòz yo, epi eseye rive
nan dènye limit konesans moun ka rive nan direksyon sa a, pou
jwenn premye kòz la, premye rezondèt la: Bondye, "nan li
reyèlman nou viv, epi nou gen mouvman, epi nou egziste" jan sen
Pòl te di sou Areopaj Atèn nan antan li site poèt Aratus (Travay
Apot yo 17,28).
Lè Aristòt ap pale osijè "egziste" a, li di premye sans vèb "être"
grèk la se "fondman-egzistans" la ("substans") ansanm ak tou sa
yo ka di osijè egzistan an dapre mòd egzistans sansib la, sa li rele
"kategori" yo (dapre mo grèk la), nou rele yo "predikaman" tou
(jan laten an di a), sa vle di "sa yo ka deklare osijè yon realite".
Se konsa dis "predikaman" Aristòt te distenge yo, nou ka deklare
yo an kreyòl san nou pa bezwen yon vèb "être" pou fè lyezon. Se:
1.- fondman-egzistans la ("substans" = sa l' ye?), 2.- kantite (ki
longè, ki lajè...), 3.- kalite (ki koulè, ki metye...), 4.- relasyon
(degre konparezon ak yon lòt...), 5.- plas (ki kote li ye...), 6.- tan
(nan ki moman, kilè...), 7.- pozisyon (kanpe, chita, kouche...), 8.-
posesyon (sa k' sou li, sa l' genyen...), 9.- aksyon (sa l' ap fè...),
10.- pasyon (sa l' ap sibi...). Men yon tablo pou rezime sa nou
vle di a:
Kesyon |
|
Predikaman |
Egzanp |
Sa li ye? |
ki sa? |
1. Substans |
li moun / li se moun |
Ki dimansyon? |
ki grandè? |
2. Kantite |
li kout, li gro |
Ki koulè? |
ki kalite? |
3. Kalite li nwa, |
li profesè / li se profesè |
Parapò a lòt? |
ki rapò? |
4. Relasyon |
li de fwa pi gran pase... |
Ki kote? |
ki bò? |
5. Plas |
li nan kay la |
Nan ki moman? |
ki lè? |
6. Tan |
depi yè |
Nan ki pozisyon? |
kouman? |
7. Pozisyon |
li chita |
Sa k' sou li? |
ak ki sa? |
8. Posesyon |
li kostime, kreyon nan men l' |
Sa l' ap fè? |
sa l' fè? |
9. Aksyon |
l' ap ekri |
Sa l' sibi? |
sa l' sipòte? |
10. Pasyon |
yo blese li |
Jan nou wè a, chak fwa nou bezwen deklare osijè realite a yon
kategori ki fè pati sa li ye a menm nou pa bezwen mete vèb "se" a,
sof si kategori n' ap deklare a kapab yon realite pou kont li, yon
group kote sijè a se yon manb oubyen si ta gen yon lòt
karakteristik nou vle ajoute sou premye predikaman an. Se sa k' fè
nou ka di "li se profesè" antan n' ap panse li fè pati group moun k'
ap ansegne kòm profesyon. Lè sa a "profesè" ta plis yon
"substantif" pase yon "adjektif".
Men nou dwe fè atansyon paske se pa sèlman yon kesyon gramè
ak klasifikasyon lojik. Sitiasyon sa a koresponn a yon mòd
fonksyònman entèlijans la nan kontak li ak realite a.
Se F. Trendelenburg nan Elementa logices aristotelae ki te di se
apati gramè a Aristòt te pran kategori yo, konsa ouvsi,a se ta
"substantif" la, poio,n se ta "adjektif" la, poso,n se ta "nonb" yo,
pro,j ti se ta degre "konparezon" yo ak "relatif" yo, etc. Dapre J.
Tricot, se plis apati eksperyans konkrè a Aristòt te detèmine yo,
yon fason "anpirik" (empirique). Konsa strikti lang kreyòl la
kondui nou tou dwat nan konpreansyon ontoloji Aristòt te elabore
pou esplike realite a. Sa se gro richès.
4.- Kesyon "viv" epi "egziste"
Dezyèm difikilte nou ka jwenn, se konfizyon ant "egziste" ak
"viv". Sa rive nan anpil lang pou de vèb sa yo sèvi souvan youn
nan plas lòt. Poutan kon nou gade byen nou wè yon realite gen
dwa "egziste" san l' pa vivan pou sa, tankou yon ròch, pa egzanp.
Konsa "viv" la se yon kategori ki antre nan "egziste" a alòske
"egziste" a li menm li gen rapò ak tou sa espri nou ka konsidere, li
anlè tout kategori yo.
Vi a se fòm egzistans kote eleman fizik ak chimik yo reaji youn
sou lòt yon fason òganize ki fè gen fenomèn kwasans apati prensip
entrensèk realite a menm depi soti nan nesans la, pase nan
nitrisyon an ak reprodiksyon an, rive nan deperisman an,
dekonpozisyon lanmò a. Ansyen yo te di sa ki vivan an li
"anime", sa vle di gen yon "nanm", yon prensip tankou sa k' nan
moun nan ki pèmèt òganizasyon, otonomi ak koezyon matyè a fèt
dapre "fòm" spesifik chak egzistan. Plant yo gen yon nanm
vejetatif; bèt yo, yon nanm sanzitif; toulède nanm sa yo disparèt
lè matyè ak fòm nan dekonpoze (= lanmò), se yon fòm lavi ki
depann nèt de matyè a. Moun nan menm gen yon nanm entelektif,
rasyonèl, nanm sa a ka pran distans parapò a matyè a pou li kapab
konnen tout bagay epi transfòme yo. Yo konsidere sa kòm prèv li
pa depann nèt de matyè a pou egzistans li, menm si li depann de
matyè a pou fonksyònman li. Se konsa sa ki vivan yo ye nan
egzistans la, se konsa yo egziste.
Apre sa fò nou di tou gen yon kouran filozofik yo rele
"egzistansyalism" ki devlope sitou an Eròp apre gè mondyal yo
(1914-1918; 1939-1945); kouran sa a ta vle rezève vèb "egziste"
a pou moun sèlman nan pami tout vivan yo. Yo di dèske se moun
sèlman ki gen kapasite pou detèmine tèt yo pou kont yo (auto-
détermination) nan mitan tout realite ki "la" anba je nou, li pa yon
"être" tankou lòt yo, li "soti" andeyò konsèp "être" la pou l' kanpe
antan se li k' ap konstwi sa l' ye a san detèminasyon total ki
karakterize lòt vivan yo. Konsèp sa a yo di se vèb "egziste" a ki
tradui l' dapre etimoloji laten an : ex = andeyò, sistere = kanpe,
drese, met sou pye, kenbe, tabli.
Nan lang kreyòl la, menm jan kategori "moun" nan se pou moun
sèlman li sèvi, li pa ka sèvi ni pou bèt, ni pou ròch, ni pou anj, ni
pou Bondye, konsa tou konsèp "egziste" a pa gen restriksyon sa a
"egzistansyalist" yo ta mete ladan l' antan yo jwe sou divès sans
mo "être" ak "exister" genyen nan kèk lang eropeyen. An kreyòl
"egziste" sèvi pou tradui "esse" laten an nan tout ekstansyon l',
yo pa ka rezève l' sèlman pou "moun" nan, konsa li koresponn ak
"actus essendi" a, "akt egziste egzistan an".
An nou gade pi fon nan signifikasyon egziste a. Kòm entèlijans la
deja ap benyen nan egzistans la, epi lang kreyòl la pa santi bezwen
eksprime prezans li ki se kè realite a, sa fè entèlijans la fè plis efò
pou l' pran distans parapò a "egziste" a pou li fè l' tounen yon
kesyon. Poutan se apati reflèks sa a tout filozofi a te devlope an
Grès. Premye filozòf yo t' ap chèche ki eleman ki alabaz tout
egzistan, yo t' ap chèche yon eleman materyèl dapre pèsepsyon
sansib yo (dlo, è, dife, tè); apre sa yo vin panse a eleman senk
sans yo pa kapab kapte dirèkteman (atòm); epi gen Eraklit
(Héraclite, 576-480 av. J.-K.) ki pral panse fondman tout bagay se
"chanjman an" menm, konsa pa gen fondman pou anyen...
Parmenid pral dekouvri chemen k' ap mennen nan solisyon kesyon
an: "egziste" a egziste, "pa-egziste" a pa egziste, epi se "egziste" a
ki tout, jan deès la te di l' nan poèm li an:
Fragman II
"Ebyen mwen menm mwen pral pale, ou menm, kenbe paròl w'ap tande,
presizeman se de sèl chemen rechèch ou ka panse:
Youn menm, se kòman "li egziste" ansanm ak "li pa-egziste" pa ka egziste;
se chemen ki sèten paske li mache ak verite a.
5] Lòt la menm, se kòman "li pa egziste" ansanm ak nesesite pou "pa-egziste" a egziste;
sa a menm mwen di w', se yon santye jennen kote pa gen anyen ki sèten,
paske, reyèlman yo pa ka konnen sa ki pa egziste a, pa gen reyèlman aboutisman
ni paròl pou di l'.
Fragman III
Reyèlman se menm nan panse a ak egziste a.
Fragman VI
Sa nesesè pou di epi panse sa ki egziste, egziste,
"egziste" a reyèlman egziste,
epi "pa-egziste" a menm pa egziste;
men sa mwen menm m'envite w' ou menm pou konsidere..."
Konsa Parmenid te tabli premye prensip entèlijans la, men se
kòmsi li tèlman te pèdi nan dekouvèt li te fè a lòt aspè realite a te
vin san konsistans pou li. Gras a Parmenid filozofi grèk la pral
tabli premye prensip lavi entèlijans la ki esplike pouki sa li pa
kapab rete nan kontradiksyon: li pa posib pou yon bagay se tèl
bagay epi pou li pa menm bagay la an menm tan dapre menm
propòsyon an. Anyen pa ka egziste tèl jan, tèl mànyè epi pou li pa
ta egziste tèl jan, tèl mànyè sa a nan menm moman tan an. Ou pa
ka di "li se" epi "li pa" an menm tan, sou menm plan an, nan
menm propòsyon an. Parmenid pa t' rive aksepte ou ta ka di "pa-
egziste" egziste, menm pa yon fason relatif, konsa, pou li, pa t'
gen ni chanjman ni miltiplikasyon nan realite a, paske tout bagay
se "egziste" a ki se menm nan, menm jan, tout kote, tout tan, san
rete. Petèt prezans vèb "être" la kòm lyezon nan lang grèk la te ede
Parmenid wè klè, men se li tou ki pral avegle l'. Apati lang kreyòl
la pa ta gen problèm sa a paske li fòm vèb pou deklare "egzistans"
la pa menm ak fòm vèb pou fonksyon lojik yo: "se", "ye".
Platon va fè yon pa an avan antan li di sa ki san chanjman, san
miltiplikasyon, san finisman, se ide inivèsèl yo ki egziste nan yon
lòt mond epi ki vin reflete nan mond n' ap viv la yon fason
fragmantè. Si entèlijans nou rive rekonèt ide etènèl yo nan tout
realite konkrè k' ap pase yo, ki pa dire yo, se paske nanm nan,
dapre Platon, te egziste nan mond ide yo anvan li te vin nan kò a.
Realite li kapte ak kò a se sèlman yon pakèt lonbraj ki miltipliye
yon sèl ide a ki nan yon lòt mond kote ide "Byen" an ap klere tout
bagay. Pou ka gen plizyè ide diferan ak plizyè endividi pou chak
ide, Platon di fòk gen ide "lòt" la ansanm ak ide "menm" nan pou
pèmèt sa ki egziste a divèsifye. Se solisyon sa a li te jwenn pou
rezoud problèm "youn" nan ak "plizyè" a. Pou sa, li oblije fè tout
realite nou kapte ak sans nou yo, tounen yon aparans, lonbraj yon
lòt mond. Egzistans konkrè a vin tounen yon fòm ilizyon, yon
egzil. Konsa bagay Platon rele lonbraj yo pa gen prensip
konstititif yo nan yo menm, epi entèlijans la pa ta bezwen kontak
ak realite a pou akizisyon konesans yo, li ta deja fèt ak ide etènèl
yo nan li. Repons sa a pa konsidere tout eleman problèm nan.
Aristòt va bay solisyon definitif tout problèm nan antan li montre
kijan yo pa ka di "egziste" a nan menm sans la egzakteman pou
tout sa ki egziste yo, ni non plis se pa yon erè total langaj la fè,
men se dapre yon sèten rapò, yon propòsyon, yon relasyon yo ka
rele "analoji", ki gen ant tout sa ki egziste yo nan divès degre
patisipasyon nan egzistans la. Sa fè chak sa ki egziste an tansyon
pou li soti nan yon inachèvman (li an "puisans" / li gen kapasite
pou l' vin plis... = puisans pasif) rive nan yon achèvman pi konplè
(li an "akt" parapò a sa l' te ka ye a...). Dapre anchènman
patisipasyon sa a, nan tèt tout sa ki egziste yo, espri a oblije poze
yon egzistan ki se achèvman total la (yon akt total ki pa manke
anyen pou kapasite l' bout, poutèt sa li se puisans aktif total,
jayisman aktivite a, san melanj pasivite), ki se kòz tout lòt
achèvman yo pandan li menm li pa gen kòz, paske egziste a, nan
dènye bout realizasyon li, se limit panse a, dayè an deyò egziste a
pa gen anyen. Jan Parmenid te di a, "pa-egziste a" (néant = non
être) pa egziste. Konsa se vre gen yon egzistan ki san chanjman,
san varyasyon (jan Parmenid ak Platon te di a), epi se li menm ki
sous tout lòt egzistan yo, men se yon sèl egzistan ki konsa;
egzistans lòt yo, se li menm ki kòz li. Se premye motè imobil
Aristòt te mete kòm prensip nan tèt tout mouvman yo. Konsèp
"puisans" la avèk "akt" la va pèmèt eksplike chanjman ak
miltiplikasyon nan tout lòt sa ki egziste yo. Pou realite ki tonbe
anba senk sans nou yo, puisans avèk akt la se "matyè" a ak "fòm"
nan. Se "fòm" nan ki pèmèt entèlijans la konnen realite a antan li
fè abstraksyon kondisyon materyèl yo ki se prensip endividuasyon
an, miltiplisite a ki fè gen anpil "endividi" nan yon "espès".
Sen Toma va reprann solisyon Aristòt la antan li ajoute
konpreansyon relasyon ant "egzistans" realite ki egziste a epi "sa"
egzistan an "ye" a ("sa-li-ye" sa ki egziste a). Nan sa ki egziste
yo genyen ki konpoze ak matyè epi fòm, genyen menm ki gen fòm
sèlman san matyè (entèlijans yo, anj yo) men yo pa gen tout
egziste a san limit (donk yo konpoze tou, yo gen yon "egzistans"
ak yon "esans"), epi gen youn kote "sa-li-ye" a ak "egzistans" la fè
yon sèl antan se "egziste" a tou "pur", san melanj li ye. Nan liv
Osijè "sa-ki-egziste" a ak "sa-li-ye" a (De ente et essentia), sen
Toma demontre aprofondisman sa a li fè apati ide Aristòt yo ki
pèmèt entèlijans la anbrase tout ekstansyon egziste a san eklatman
(Eraklit), san konfizyon (Parmenid), san fuit nan yon lòt mond
(Platon), san tatònman sou premye egzistan an (Aristòt).
Konsa tou okenn aspè nan sa moun nan ye, lè l' ap antre an
relasyon ak egzistans la, pa rete an deyò: entuisyon li ki afirme
(ens = eksperyans egzistan an), pèsepsyon li ki wè inite a apati
negasyon an (unum = egzistan an fè youn nan li epi li distenge
parapò a lòt egzistan yo), entèlijans li ki koresponn a sa ki egziste
a (verum = egzistan an ak panse a rele youn lòt, egzistan an pa
irasyonèl), volonte li sa ki egziste a rale a (bonum = egzistan an
atire moun nan, li se yon byen). Se diferan aspè nan egziste a ki
vo pou tout egzistan depi Bondye desann nan dènye atòm nan: yo
rele yo "transcendantaux". Youn rale lòt epi yo pa ajoute anyen
sou egziste a sinon antan yo fè wè tout fasèt li. Ansyen skolastik
yo di: "Ens, unum, verum et bonum convertuntur", sa vle di
"egzistan an, inite a, verite a ak bonte a, youn rale mennen lòt".
Se sa ki fè sa ki egziste a "unique" an menm tan li an relasyon ak
tout bagay. Entèlijans la fè moun nan chèche verite a, volonte a ap
fè l' goute byen an, epi tout sa l' ye fè youn nan akeyi
responsabilite l' parapò a chak moun ki bò kote l' pou yon
realizasyon total dapre tout kapasite li gen nan li antan li patisipe
nan sa ki fè Bondye se Bondye: egzistans la menm. Se apati
egzistans total li a chak egzistan gen verite paske li koresponn a
entèlijans Kreatè a; li gen bonte paske li soti nan volonte Kreatè a.
Se li menm ki sous (kòz efisyan) epi bi, objektif, aboutisman (kòz
final) pou tou sa ki egziste dapre kòz fòmèl yo oubyen kòz
materyèl yo.
Sa mete nou an fas prèske twa mil an refleksyon depi sou ansyen
Grèk yo rive jous kounye a an pasan pa sen Toma d'Aken. Se yon
bèl defi pou lang kreyòl rive antre nan trezò sa a epi pote
patisipasyon pa l' pou anrichi l'. Defi sa a nou kapab leve l'
ansanm si nou vle.
5.- Sentre mo kreyòl yo
Pou yon refleksyon serye nan nivo filozofi ki pral jous nan fon
kesyon yo nan lang kreyòl la, nou bezwen sentre mo yo pou yo ka
sèvi nou byen. Fòk sa byen klè lè n' ap pale epi nou di tèl mo, ki
sa li vle di, nan ki sans nou sèvi ak li epi fòk pa gen
kontradiksyon. Pou refleksyon filozofik la, mo yo se tankou
enstriman presizyon nan men yon bon teknisyen. Se yon zouti ki
dwe byen pròp, byen file pou lè, pa egzanp, l'ap fè yon pyès pou
yon mèb, pyès la byen kalibre. Se konsa mo yo tou dwe byen
kalibre pou ide yo ak rezònman yo byen chita ak presizyon epi
sènen realite a pou pèmèt konprann li, otreman anyen pap klè.
Sot nan fransè al nan kreyòl leksik la gen anpil mo ki sanble men
yo pa toujou vle di egzakteman menm bagay. Gen anpil mo ki
deja pase an kreyòl ak yon sans limite, gen lòt ki poko pase poutèt
nivo abstraksyon refleksyon nou an jeneral nan lang nan poko
santi li bezwen yo. Konsa pou nou pa mele yo, fòk diferans la klè
nan espri nou sou fason de lang yo abòde realite a epi eksprime l'.
Lè sa ta nesesè pou refleksyon an avanse nou pa dwe ezite si nou
ta oblije sèvi ak yon mo antan nou ba li yon sans li genyen an
fransè men ki poko sèvi an kreyòl. An nou wè, pa egzanp, mo
"esans" la. Nou sèvi avèk li jiskaprezan pou rele likid yo retire sot
nan yon plant (tankou vaniy, noyo, uil esansyèl yo) epi li kòmanse
sèvi pou deziyen gazolin ak gazòy tou. Sa yo se dezyèm sans mo
"essence" la genyen an fransè, men o kòmansman se sitou langaj
filozofik la ki te sèvi ak li pou di "sa" yon realite "ye". Pa gen
anyen ki anpeche pou sans sa a tou pase nan lang kreyòl la, menm
si pou kòmanse fò nou abitye espri nou konprann "sa-li-ye" chak
fwa nou wè "esans" nan yon kontèks filozofik. Nou pa bliye nou
sèvi deja nòmalman ak adjektif "esansyèl" la.
Si nou pran kounye a mo "genre" lan, li pase an kreyòl sou fòm
"jan" e li vle di "fason", "mànyè", "kalite", "pozisyon", "mwayen",
"sikonstans". Men mo "jan" kreyòl la pa kenbe signifikasyon
"klasifikasyon lojik" yo ("genre", "espèce", "différence") ni ide
"jenerasyon" an kote li soti a, ni ide "jeneral" la ki nan li a. Nou
jwenn yon sans klasifikasyon nan ekspresyon "ki janr de moun sa
a" (ak prononsyasyon "an" an ki prolonje pou ranplase "r" la); li
vle di moun nan bezwen yon klasman pou plase lòt nan yon group
oubyen yon kategori moun. Nou ta kapab kenbe fò sa a ("janr")
pou pèmèt konprann se osijè konsèp lojik "kategori-prensipal" la
n' ap pale ak sans "jenerik" la ki montre relasyon sere ki genyen
tankou nan "jenerasyon", reprodiksyon vivan yo.
N' ap jwenn lòt ka nan tèks sen Toma d'Aken yo. Pa egzanp, n' ap
mande tèt nou kijan ki ta pi bon pou tradui konsèp "substance" la,
"accident" an, "nature", "quiddité", "essence", "absolu", eksetera.
Nou panse li enpòtan pou kenbe rapò tout konsèp sa yo genyen ak
realite "egzistans" la, jan sa te pase nan lang grèk la, an pati pou
evite tonbe nan danje nominalism nan ki te pèdi kontak mo yo
genyen ak realite a, epi sa te fè relasyon entim ant nivo lojik la ak
nivo ontolojik la vin debalanse. Konsa nou ta propoze tradui
konsèp sa yo an kreyòl antan nou fè yon mo konpoze, lè sa a:
"substance" = "fondman-egzistans";
"accident" = "sa-ki-mache-ak-fondman-egzistans la";
"nature" = "mòd-egziste a";
"quiddité" = "kisa-li-ye a";
"essence" = "sa-li-ye a".
An teori se ta trè byen, men pratikman sa fè yon tradiksyon vin lou
anpil; sa fatige espri moun k' ap koute a; sa frennen travay sentèz
entèlijans la gen pou l' fè a. Sa k' ta pi bon, se reyisi mete yon sèl
mo pou chak konsèp, chak ide. Sa vle di tou senpleman mete
"substans" ("sibstans") nan plas "fondman-egzistans", "aksidan"
nan plas "sa-ki-mache-ak-fondman-egzistans la"; "natu" ("nati")
nan plas "mòd-egziste a", "esans" nan plas "sa-li-ye a". Se ta
solisyon ki pi bon an, pou konsèp abstrè yo ka antre nan lang nan,
jan filozofi a bezwen yo pou li avanse. Pou kounye a, se kòm si
lang nan yon ti jan refraktè parapò a mo abstrè ki nan fransè a. Li
pito glise pou l' rete nan yon mo ki konkrè. Gen de lè tou se mal
alèz li mal alèz devan kèk son fransè (tankou vwayèl fèmen yo,
sitou "u" ak "e"). Pa egzanp, pou nou di "certitude" se kòmsi nou
ta pito di "sèten", "sa ki sèten", oubyen sèvi ak advèb "sètènman"
an; men konsèp abstrè mo "certitude" la ta vle di a nou glise sou
li, sitou an plis, òtograf ofisyèl la rejte lèt "u" a, menm si se ta pou
ede entèlijans konprann sa je li. Lòt egzanp se ta konsèp abstrè
"salut" a ki sipoze sètènman "delivrans" la, men ki gen plis pase sa
ladan l', dapre li koresponn tou a realizasyon an plen sa moun nan
ye a. "Le salut de Dieu" se pa sèlman "sove Bondye sove nou an"
nan yon moman detèmine ("delivrans"), se kondisyon kote li tabli
nou an ki se yon relasyon spesyal avèk li epi se yon karakteristik
Bondye li menm ki "Sovè", ki pa bezwen yo "sove l'". Nou ta ka
ajoute anpil lòt egzanp ankò, tankou lè nou bezwen pale sou
"nature" yon realite nou oblije repete tèrm nan pou ensistans la ka
eksprime yon gade avèk atansyon ki ta koresponn a tèrm abstrè a:
"nature divine", "divinite" = "sa Bondye ye ki fè li se Bondye a";
"nature humaine", "humanité" = "sa moun nan ye ki fè li se moun
nan". Yon lè na alèz pou di "nati Bondye a" oubyen "nati moun
nan", divinite epi imanite ki se mòd-egzistans Bondye ak mòd-
egzistans moun.
An realite fò nou sonje tou tèks filozofik yo, nan nenpòt ki lang, se
moun ki gen yon fòmasyon spesifik ki kapab konprann yo vrèman,
oubyen moun k' ap etidye pou sa. Refleksyon an sipoze yon
kapasite abstraksyon ki deja devlope, epi li bezwen sipò lang nan
pou progrese.
Pou kounye a nou mete ant parantèz mo laten oubyen fransè nou
tradui ak plizyè mo konpoze an kreyòl. Menm si sa frennen moun
k' ap li a o kòmansman, sa va egzèse espri a pou li ka ale pi vit lè
yon sèl mo va ase pou di konsèp la.
An atandan n' ap pran rout la, si nou ka ouvri chemen se trè byen,
sinon nou sèten gen konpànyon ki ka ede nou etidye kat la pi byen
pou nou pa pèdi. Nou envite yo tout nan vwayaj sa a.
6.- Yon kesyon òtograf
Kesyon òtograf la, se yon problèm ki pi konplike pase sa moun ta
imajine a. Nou pa panse konpetans nou ta ka rive jous nan endike
ki solisyon ki pi bon. An atandan n' ap eseye suiv sa lengwis yo
mande, pi pre nou kapab. Tanzantan n' ap oblije pase nan yon
santye yo entèdi paske refleksyon an pa ka rete fèmen nan yon
kamizòl ki trò jis, k' ap toufe li. Òtograf la pa pi enpòtan pase
konsèp yo, menm si enpòtans li genyen an pa neglijab. Gran poèt
ayisyen yo ki te ekri an kreyòl, tankou Oswald Durant, Georges
Sylvain, Emile Roumer, Rassoul Labuchin, te rann lang nan gran
sèvis. San nou pa bliye romansye yo, komedyen yo, savan yo tan-
kou Jules Faine ki pibliye premye etid filolojik serye sou kreyòl
la. Yo te sèvi ak yon òtograf ki te sanble ak pa fransè a. Nan ane
1954 lè Achevèche Pòtoprens te pibliye premye peryodik an
kreyòl nèt, "La-Vérité-Claire", se ak òtograf etimolojik la sa te fèt
pandan plis pase dizan. Se pa de sèvis sa te rann lang nan pou
pèmèt tout moun di verite lafwa yo ak teoloji a ak katechism nan
an kreyòl. Se sa ki fè jodi a nou ta tou pre yon solisyon pou ke-
syon òtograf la si yo pa chèche elimine trò vit kèk eleman nan
problèm ki poze a. Sajès pèp nou an di "trò prese pa fè jou lou-
vri", men li di tou "pi bonè se gran maten". Jounal Bòn Nouvèl,
nan ane 1967 pral kontinye efò ki te deja kòmanse a. Grafi a pral
evolye pou li vin plis fonetik pase etimolojik san li pa pèdi kontak
ak lang fransè a kote li soti a. Se ak grafi sa a "Office national
d'alphabétisation et d'action communautaire" (ONAAC) te konn
sèvi, epi, avèk kèk varyasyon, li pral sèvi pou tradiksyon Bib la ak
liv litijik yo. Ak lwa 18 septanm 1979 la epi refòm sistèm edi-
katif la, yo pral adopte yon sistèm ki eseye prèske fonetik nèt epi
ki demake ak tout kouran tradisyon evolisyon ekriti lang nan ki te
kòmanse apati fransè a. Pa gen okenn sistèm ki janm fin apwen
nèt men gen yon jan ou jennen yon lang nan yon kesyon òtograf ki
riske toufe l'.
Nou ka bay lang nan yon chans pou li grandi pi natirèlman posib,
sitou nan egzijans akizisyon nouvo mo pou eksprime nouvo
konsèp li poko abitye avèk yo.
Pou kounye a, men ki sa n' ap fè:
- Nou chwazi sèvi ak lèt "r" la devan son "o" ak "ou".
- Nou pa pè mete de konsòn alafen yon mo, pou sa je wè
ka fè entèlijans konprann menm si bouch pa ta di l'.
- An jeneral nou pa jennen ak son "u" a oubyen grafi "gn"
nan tankou, pa egzanp, nan mo "ansegne" a, paske otreman nou ta
oblije di "an-sen-ye" oubyen "an-sè-nye" (se pa sa nou vle di);
otreman se "an-sé-nye" oubyen "an-sé-gné" pou l' ta ye si yo pat
chase "gn" ak "accent aigu" nèt ale nan ansèyman ki ofisyèl
kounye a.
- Nou reziyen nou ekri "en" nan plas "in" ansyen òtograf
la, men n' ap mande tèt nou poukisa nou pa ta ka ekri "in" pou son
nazal sa a. Se yon chwa ki limite lang nan paske menm si se vre li
pèmèt elimine trè-d-inyon an yo te konn mete pou fè son "i" a de-
tache ak son "n" nan ("i-n") epi se te menm ka a pou "an" ("a-n"),
se vre tou ta gen plis lojik si yo ta sèvi ak aksan "aigu" a dapre
difikilte tablo sa a montre nou yo, paske "e" ak "o" gen twa son:
a an |
e [en] = |
= [in] i |
o on |
à àn [a-n] |
è èn |
{ì ìn [i-n]} |
ò òn |
|
é én (ansénye) |
{í ín [i-n]} |
ó ón (kónesans) |
Ekip ki te travay nan preparasyon Ti diksyonè kreyòl-fransè a, te
byen montre difikilte ki gen nan ekriti nazalizasyon vwayèl yo, epi
li te propoze yon solisyon ak aksan-t-egi a, antan li fè wè li gen
enkoerans ladan l', paske nan ka "moun" yo pa bezwen yon aksan
pou detache "n" nan alòske nan mo tankou "ounfò", "oungan",
"ounsi", yo pa prononse "n" nan detache se "ou" a ki nazalize
sèlman. Men tablo ekip la te propoze a:
son unique noté par 2 lettres |
[ã] dans anvan |
[e/] dans chen |
[õ] dans beton |
2 sons notés chacun par une lettre |
[a] + [n] dans bekán |
[o] + [n] dans ónè |
[e] + [n] dans jénou |
|
|
[?] + [n] dans sènen |
[o] + [n] dans mòn |
Sa fè nou konprann jan problèm nan delika. Malerezman, an plis,
dekrè ofisyèl 1979 la eskamote kèk eleman ladan l', an patikilye ka
kote "e" ak "o" devan yon "n" epi yo kenbe son nòmal yo.
An atandan yo ta ouvri pòt pou "aksan-t-egi" a, nou pral mande
"gn" konkou nan anpil ka tankou "ansegne"; n' ap kite "konesans"
konsa antan nou konnen entèlijans la ka frè travay detache "o" a ak
"n" nan. Solisyon "aksan grav" la oubyen "aksantegi" a sou "i" a
pa egziste ditou nan abitid fransè a menm si li ta yon repons lojik.
Regilarite lojik (san eksepsyon!) pa toujou yon bon repons pou
jayisman lavi yon lang sipoze eksprime.
7.- Konklizyon
Depi ou antre nan filozofi, ou pa kapab limite grafi. Soti nan yon
sistèm al nan yon lòt gen anpil koreksyon ki fèt, konsa tou gen
avantaj ki pèdi, sitou lè y' ap fòse lang nan vin rijid alòske li poko
fin grandi. Nou konnen entèlijans la pa janm sou-devlope, se
mwayen yo ofri li yo, fason yo oblije li fonksyone a ki kapab limi-te li, sa se gro problèm nan. Lè n' ap pale ak lè n' ap ekri, nou
konnen moun k' ap resevwa mesaj la entèlijan, se pa yon machin,
li kapab tabli relasyon ant ide yo epi mo yo ak yon kreativite ki se
reflè pa Kreatè a.
Richès kilti nou ak lang nou gen ase souplès pou li anbrase lajè ak
profondè tout syans. Se moun nan, se nou menm ki pou laji espri
nou, ki pou leve li byen ro, ki pou fè l' avanse byen fon. Rout la
poko danmen ni asfalte, se balize n' ap balize, se ouvri n' ap ouvri,
netwaye n' ap netwaye raje, nou pa pral vit, men nou pa vle rete
nan ravin nan san nou pa grenpe sou tèt mòn nan kote vizyon an
total, konpreansyon an klè, epi kontantman jayi sot nan doulè ak
fatig yo. Yon jou filozofi va pale kreyòl epi kreyòl va pale
filozofi: sèl jan pou sa fèt se pale filozofi an kreyòl.
Travay pa nou se di sa nou bezwen di yo ak pi plis presizyon nou
kapab pou yon efò refleksyon ki fèk ap pouse premye rèl li nan
lang nou alòske se pa jodi a li fin granmoun, - gen sa k' ta di li
kòmanse dekrepi - nan lòt lang. Nan istwa ide yo se sa ki pa
kanpe sou anyen yo, sa ki pa fonde sou realite egzistans la nan tout
dimansyon li, se yo menm ki kapab dekrepi, pase mòd. Verite a,
okontrè pa janm pase mòd. Nan domèn refleksyon an, anpil fwa
yo ka di "vye a pi bon" (cf. Luk 5,39), paske verite fondamantal
yo, se rajeni yo rajeni lè tan pase sou yo. Verite sa yo, reyèlman,
yo etènèl, yo anlè, anndan, anba, an deyò tout limitasyon deroul-
man divès moman yo. Se entèlijans nou ki jennen nan fason li
anbrase sa ki egziste a apati limitasyon tan an ak espas la, epi se
langaj la ki toujou inadekwa. Sa nou di a pap janm fini ak sa ki
gen pou di a! Erezman! Sinon nou ta kwè responsabilite nou deja fin bout!
haut de page